Atakan entènasyonal ayisyèn nan, Batcheba Louis, anonse ofisyèlman sou kont Facebook li depa li nan FC Fleury 91, klèb li te defann koulè l pandan twa sezon nan Arkema Première Ligue. Nouvèl sa a tonbe tankou yon gwo siklòn nan mitan fanatik li yo, sitou paske pou kounye a poko gen moun ki konn ki kote li pral ateri.
Aprè li te pase twa (3) sezon ak GPSO 92 Issy, yon ekip ki t ap desann nan D2, Batcheba te pran desizyon pandan ete 2022 a pou li fè yon gwo pa nan karyè li lè li siyen ak FC Fleury. Li te rive ofisyèlman nan mwa jiyè 2022, kote li te angaje tèt li ak klèb la sou yon kontra de (2) sezon ki t ap fini an 2024. Men enpòtans li te pran nan ekip la te pouse dirijan yo renouvle kontra a pi bonè, nan mwa jen 2024, pou mare l ak yo jiska 2026.
Depi premye sezon li, Batcheba Louis te montre tout kalite li kòm yon atakan ki konn fè diferans. Avèk vitès li ak kapasite li pou frape nan kad la, li vin tounen yon pyès enpòtan nan estrikti ofansif Fleury a. Nan twa sezon li yo, li gen tan kite bon tras: 66 match ofisyèl, 21 gòl epi 8 pas gòl, nan chanpyona a sèlman. Pi gwo reyalizasyon pèsonèl li rive nan mwa janvye 2025, kote li te make premye triple li nan D1 an, nan kad yon viktwa (6-0) kont AS Saint-Étienne.
Malgre tout sa li te pote, Batcheba Louis chwazi vire yon nouvo paj. Depa sa a konsidere kòm yon gwo pèt pou FC Fleury, ki pèdi youn nan atout prensipal li nan atak la. Jiskaprezan, ni ajan li ni jwèz la pa bay okenn detay sou pwochen etap nan karyè li, sa ki fè anpil fanatik rete pou konnen kiyès nouvo klèb ki pral akeyi entènasyonal ayisyèn nan.
Pandan fanatik yo ap tann pou konnen ki chimen jwèz 28 lane a pran, FC Fleury kontinye konsantre sou preparasyon pou nouvo sezon an. Jiska prezan, klèb la deja jwe twa (3) match presezon, men atakan ayisyèn nan pa t nan okenn rankont sa yo. Li pa t parèt nan rasanbleman ofisyèl ekip la tou, yon siy klè ki konfime separasyon an te deja prepare depi kèk tan.
Batcheba Louis kite FC Fleury aprè 3 sezon, ak 66 match, 21 gòl ak 8 pas desizif, nan Arkema Premiere Ligue la. Tout je kounye a fikse sou lavni li: kiyès ki pral pwochen destinasyon zetwal foutbòl ayisyèn nan?
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou