UEFAChampionsLeagueEuroEuropaLeagueLòt
AKÈY UEFA ChampionsLeague

ChampionsLeague

Instagram pa teren foutbòl : Real Madrid pran pòt la malgre bèl pawòl sou rezo yo

imaj atik la

17 avril 2025   Steve Pierre   511

Malgre anpil espwa ak mesaj sou Instagram ak lòt rezo yo ki te pale de "remontada", Real Madrid pa rive fè mirak la. Aprè defèt (3-0) yo te pran nan match ale a nan Emirates Stadium, ayè mèkredi 16 Avril 2025 lan, yo ankò pèdi lakay yo (1-2) fas ak Arsenal. Sa bay yon total (5-1) sou de (2) match yo, sa mete yo deyò nan kadefinal Ligue Des Champions an.


Nan premye rankont lan, Arsenal te jwe ak anpil fòs, yo te genyen (3-0). Declan Rice te louvri bal la ak yon bèl koufran nan 58èm minit, epi li te ajoute yon lòt gòl 12 minit aprè toujou sou koufran. Mikel Merino, ki te mete tèt li kòm atakan, te fini travay la ak yon twazyèm gòl. Real Madrid te montre anpil feblès sou aksyon yo epi yo pa t ka kenbe defans lan solid.

Malgre sa, anpil jwè ak fanatik te afiche sou Instagram ak lòt rezo yo kote yo kwè nan yon "remontada" istorik. Men jan sa konn di : rezo yo pa jwe sou teren, Instagram pa ka fè w genyen yon match foutbòl.

Nan match retou a, Real Madrid te gen misyon pou remonte twa gòl. Men, se Bukayo Saka ki te frape premye a pou Arsenal, menm si li te rate yon penalite kèk minit anvan. Vinícius Júnior te reponn ak yon gòl sou yon erè Saliba te fè nan defans Arsenal la (1-1), men nan tan adisyonèl la, Gabriel Martinelli te mete pwen final la sou kont atak (1-2).

Rezilta final sou de (2) match yo (5-1) se youn nan pi move eliminasyon Real Madrid konnen l pran depi sezon 2022-2023 a. Taktikman, presyon wo Mikel Arteta te mete a te anpeche Madrid jwe jan yo abitye a.

Malgre eliminasyon sa a, Real toujou gen espwa pou sezon an : yo dezyèm nan La Liga, epi y ap jwe final Copa del Rey kont FC Barcelone 26 Avril k ap vini la.

Pou Arsenal, viktwa sa se yon paj glwa. Yo ap kontre ak PSG nan demifinal yo, pou yon tikè nan final Ligue Des Champions Champions an.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )