UEFAChampionsLeagueEuroEuropaLeagueLòt
AKÈY UEFA EuropaLeague

EuropaLeague

Manchester United kalifye nan dènye minit nan Europa League la

imaj atik la

17 avril 2025   Benswilkenson Jean   461

Manchester United ap konnen yon bon pakou nan Europa League la sezon sa.


Match retou kadefinal Europa League la jwe jodi a ant Reds Devils yo ak ekip Olympique Lyonnais an. Pou match ale a klèb fransè a te reyisi fè 2-2 gras ak 2 erè André Onana.

Pou match retou a ki fèt lakay Manchester United, anglè yo te pran kontwòl match la depi nan premye lè yo e mennen 2-0. Fransè yo ta pral reyaji nan fen dezyèm mitan an epi mennen match la nan pwologasyon.

Malerezman nan fen match la fransè yo pral pèdi Tolisso ki pran yon katon wouj. Malgre sa, lè yo rive nan pwolongasyon an yo te kòmanse fè bon enpresyon lè yo rive make 2 gòl pou pouse ansanm eskò a 2-4. Anglè yo pa t bese tèt yo. Yo te kanpe goumen jouk yo rive jwenn 3 gòl epi ranvèse sitiyasyon an 5-4.

Pou ansanm match yo sa vin bay Reds Devils yo 7-6 sou ekip Lyon an. Anglè yo kalifye pou demifnal konpetisyon an.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )