AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI PremyeDivizyon

PremyeDivizyon

Triomphe AC nan gwo pwoblèm anvan 5èm jounen Chanpyona Nasyonal la

imaj atik la

19 avril 2025   Benswilkenson Jean   403

Chanpyona nasyonal la ap rapousib. Wikenn sa se pral kòmansman 5èm jounen an nan tout 4 gwoup yo.


Nan zòn latibonit la bagay yo pa fin nòmal pou ekip Triomphe AC a. Vestyè ekip la gen gwo difigilte selon enfomasyon ki rive jwenn sal redaksyon GolAyiti a.

Pwoblèm mank konfyans ki gen nan antrenè a mete sou konfli ki genyen ant jwè ak dirijan pou kesyon mwayen soulve anpil dout posib pou match dimanch lan kont Baltimore SC.

Selon dènye enfòmasyon yo, gen plizyè jwè ki pa patisipe nan seyans antrènman. Sa ki pi dwòl la menm antrenè Dextra Micolson pa menm fè deplasman pou vin dirije seyans antrènman.

Pandan 700panik yo ap konfwonte difikilte nan mitan yo men sou tèren tou se yon veritab dram.

Triomphe AC gen sèlman yon pwen aprè 4 jounen boul li jwe deja nan chanpyona a.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )