AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Lòt

Lòt

James Marcelin, yon ansyen patron mitan tèren seleksyon nasyonal la

imaj atik la

19 avril 2025   Benswilkenson Jean   188

Seleksyon nasyonal konnen yon pleyad bèl jwè ki te make epòk yo nan ede Ayiti flote drapo l pi wo. James Marcelin se youn nan pitit kay ki te konn bay kay manje.


James Marcelin sòti nan menm vil ak Melchie Daëlle Durmonay nou tout konnen sou non Corventina a Mibalè. Li fèt nan dat 13 jen 1986.

Li pran fòmasyon foutbòl li nan yon ansyen patwon chanpyona nasyonal la Roulado FC (yon klèb ki te sòti sou zile Lagonav).

Marcelin se ansyen jwè Racing Club Haïtien tou. Li te jwe nan ekip sa a nan lane 2007. Grenadye a ta pral pase nan divès klèb nan peyi blan meriken. Yon seri klèb tankou Portland Timbers, FC Dallas, Fort Lauderdale Strikers, North Carolina ak Miami United, li te pase nan FC Edmonton yon klèb kanadyen.

James Marcelin kòmanse pote mayo seleksyon an depi nan lane 2006. Li jwe 34 match ak grenadye yo li make 5gòl. Se li menm ki te sove lonè Ayiti nan defèt yo 7-1 fas Brezil nan Copa America a. Grenn gòl sa te fè l vin premye jwè ayisyen ki make gòl nan Copa America.

James Marcelin te jwe Gold Cup 2007 la ak Ayiti. Li te moute nan match kont Gwadloup la, Ayiti te fè match nil 1-1 gras ak yon gòl Chery sou penal.

Ak sèlman 16 lane, James Marcelin te chanpyon chanpyona nasyonal la ak Roulado FC nan lane 2003 anvan l ta l rejwenn Racing Club Haïtien.

James Marcelin te toujou demake l nan mitan tèren an ak pwisans frap li epi sans rekiperasyon l. Se te yon veritab zam pou Grenadye yo.

Pou kounya James Marcelin gen 38 lane, jwè a disparèt nèt nan rada foutbòl.

Telechaje aplikasyon GolAyiti a sou Appstore ak Playstore pou w ka genyen kontwòl kòman chanpyona a ap dewoule, klasman, eskò, elatriye...

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )