Atakan brezilyen FC Barcelone lan k ap evolye sou yon lòt planèt sezon sa, pami kandida favori pou balon dò 2025 lan avèk yon seri chif enpresyonan epi enpak li sou rezilta FC Barcelone yo depi nan kòmansman sezon an jiska jounen jodi a.
Yon lòt fwa ankò, yè samdi an, Raphinha reyalize yon lòt gwo pèfòmans pou sezon an ki pèmèt klèb katalan an rapwoche l pi plis de tit chanpyon Espay lan. Atakan brezilyen an enskri yon double epi bay yon pas desizif nan remontada sa Blaugrana yo fè kont ekip Celta Vigo an.
Barcelone ki te nan gwo difikilte pandan yon bon pati nan match lan, sove yon viktwa nan dènye lè gras avèk Raphinha ki make sou penalite pou te mete match lan 4-3. Avèk pèfòmans sa, brezilyen an genyen kòm chif 35 gòl ak 25 pas desizif sou 60 match li jwe tout konpetisyon melanje sezon sa.
Yon seri chif enpresyonan ki mete l pami gwo kandida pou balon dò sezon sa bò kote jwè tankou Harry Kane, Mohamed Salah, Ousmane Dembélé, pou n site sa yo sèlman.
Telechaje aplikasyon GolAyiti a sou Appstore ak Playstore pou w ka genyen kontwòl kòman chanpyona a ap dewoule, klasman, eskò, elatriye...
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou