AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Yon sezon byen entèresan pou Dayana Pierre-Louis avèk RC Lens

imaj atik la

20 avril 2025   Jacky Chéry   549

Dayana Pierre-Louis se youn nan jwez ayisyèn ki pi anfòm sezon sa. Avèk Racing Club Lens, li sou wout monte nan premye divizyon foutbòl fanm fransè an.


Malgre defèt Sang et Or yo (2-3) nan okazyon 18èm jounen Seconde Ligue lan, mitan tèren ayisyèn lan reyisi enskri non l nan lis jwez ki make nan rankont sa.

Racing Club Lens ki te nan gwo difikilte anba yon 3-0, te redwi skò an nan yon premye tan gras avèk Dayana Pierre-Louis ki enskri yon chedèv ki malerezman pa t sifi pou anpeche defèt sa.

Grenadye an te resevwa yon bon balon ki sòti sou bò dwat ekip Metz lan, avan l te fè yon anchènman avèk pwatrin li pou mete l nan pozisyon pou frape balon an dirèkteman nan kan.

Malgre defèt sa, rèv pou monte nan Arkema Première Ligue lan toujou la kote RC Lens toujou rete lidè Seconde lan aprè 18 jounen (39 pwen), devan Toulouse avèk Olympique Marseille ki gen respektivman 34 ak 33 pwen.

Telechaje aplikasyon GolAyiti a sou Appstore ak Playstore pou w ka genyen kontwòl kòman chanpyona a ap dewoule, klasman, eskò, elatriye...

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )