Real Hope frape fò nan derby kapwa a : Viktwa (0-1) kont ASC nan 4 jounen chanpyona nasyonal espesyal la. Rhinocéros yo finalman jwenn premye viktwa yo nan sezon an. Nan pak Saint Victor, sou teren rival yo, gras ak yon gòl Mackenson Fénelon nan premye mitan an.
Jodi dimanch 20 avril la, Real Hope Football Academy te deplase pou l al jwe kont A.S. Capoise nan pak Saint Victor a, nan kad 4èm jounen chanpyona nasyonal espesyal la. Se te yon derby pou vil Okap la, yon rankont ki toujou gen anpil rivalite. Se Real Hope ki soti ak bèl kado a : yon viktwa (0-1), premye 3 pwen yo depi sezon an te lanse.
Gòl la te fèt nan 42èm minit aprè yon move degajman nan sifas Tide Jhonsly te fè, ki te eseye mete balon an deyò men li lage li dirèk sou pye Fénelon, atakan Real Hope la pa pèdi tan. Li kontwole balon an e li frape l ak tout presizyon nan kwen poto a. Gadyen ASC a te san repons, li te jis kanpe ap gade balon an ki pral souke filè l. Fanatik vye kòk kapwa yo ki te Pak la te fè vin silans aprè frap sa a.
Se pa premye fwa Mackenson ap fè ASC mal. Nan match ale ki te fini (2-2), li te deja make 2 gòl pou Real Hope. Jodi a ankò, li mete non li kòm bouwo vye kòk yo.
Real Hope te jwe 3 match san viktwa (2 defèt ak 1 nil). Viktwa sa a mete fen nan move seri sa a epi li vin ranfòse moral ekip la, ki t ap chèche rekonekte ak bon jan rezilta. Pou ASC, se premye defèt li pou sezon an. Nou rete pou swiv kijan rès sezon an ap pase pou wè kiyès k ap kalifye nan gwoup sa.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou