AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI PremyeDivizyon

PremyeDivizyon

AS Cavaly fè reklamasyon 3 pwen pou match ki te kanpe kont Juventus des Cayes la

imaj atik la

21 avril 2025   Benswilkenson Jean   379

Jounen ki konte pou 5èm jounen nan Chanpyona nasyonal espesyal la pa dewoule byen sou tout tèren jan sa ta dwe pase.


Nan gwoup Sid la, AS Cavaly te gen randevou pou resevwa Juventus des Cayes. Match sila a pa t rive fini akoz yon erè abit prensipal la.

Pou erè sa a, dirijan klèb kayèn lan te deside pa kontinye jwe rès match la paske yo jije aksyon an kòm yon aksyon koken.

Bò kote pa Cheval wouj yo ki te pare pou fin jwe rès match la fè reklamasyon 3 pwen an sou tapi vèt akoz Juventus deside ak pwòp desizyon yo pa fin jwe match la.

Ekip AS Cavaly a ki jije aksyon sa dirijan Juventus yo fè a kòm yon aksyon ki pa gen enterè pou l te fèt. E yo reklame yon sanksyon epi pou federasyon an ba yo 3 pwen an pa fòfè.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou