AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI PremyeDivizyon

PremyeDivizyon

Kisa ki te pase nan match Cavaly kont Juventus des Cayes lan kifè l pa t fin jwe an?

imaj atik la

21 avril 2025   Jacky Chéry   145

Nan okazyon 5èm jounen chanpyona nasyonal premye divizyon an, match Cavaly kont Juventus des Cayes lan pa t rive nan bout li akoz yon konfizyon ki te genyen sou yon desizyon abit lan te pran.


Daprè biwo kominikasyon Juventus lan, prensipal rezon ki koz match lan te kanpe an se desizyon abit santral la te pran pou anile yon katon wouj li te bay yon jwè Cavaly sou baz li te twonpe l.

Toujou daprè vèsyon pa Juventus des Cayes lan, abit santral lan te estime se nimewo 13 Cavaly an, Roody Joseph, ki te sipoze pran katon wouj lan nan plas Joseph Wutsen ki genyen nimewo 15. Yon moman nan match la kote Roody Joseph te gentan kite plas li.

Yon sitiyasyon konfizyon ki rive nan dezyèm mitan an, alòske katon wouj lan te bay depi nan premye mitan an. Yon moman Juventus des Cayes t ap mennen 2-1.

Menmsi ekip Juventus des Cayes deja reklame twa pwen viktwa a sou tapi vèt, li rete pou n tann desizyon komisyon k ap jere konpetisyon an ki pral gen pou tranche sou sa ki rive an. Annatandan, Cavaly de Léogâne toujou poko kapab fè yon viktwa nan konpetisyon an.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou