Leta ayisyen atravè Primati fè yon bon chèk ak jèn grenadye yo pou prepare mondyal la.
Seleksyon nasyonal U17 la nan plen preparasyon pou mondyal mwen 17 lane a ki ap fèt nan peyi Kata.
Leta ayisyen pa rete endiferan parapò ak preparasyon jèn granadye yo pou gwo evènman sa. Premye minis la Alix Didier Fils-aimé ansanm ak minis finans lan Alfred Fils Metellus ak minis MJSAC la Niola Lynn Sara Dévalis Octavius devan Gally Amazan ki reprezante komite nòmalizasyon FHF la bay federasyon an yon chèk 100 milyon goud.
Seleksyon U17 la ki deja gen anviwon 4 esponsò deja, jwenn yon bon mwayen pou prepare bèl evènman foutbòl sa.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou