AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI PremyeDivizyon

PremyeDivizyon

Don Bosco FC kalifye pou dezyèm faz la nan gwoup Lwès

imaj atik la

10 avril 2025   Steve Pierre   343

Don Bosco FC fè travay la byen vit nan gwoup Lwès la. Aprè kat jounen jwèt, ekip Petyonvil la deja rasanble ase pwen pou asire kalifikasyon li pou dezyèm faz chanpyona nasyonal espesyal 2025 la. Avèk yon viktwa (2-1) kont Racing Club Haïtien ayè 9 avril la, Don Bosco monte a 8 pwen epi l gentan mete tikè l nan pòch li pou pwochen tou a.


Gwoup Lwès la gen sèlman twa ekip ladan l: Don Bosco FC, Racing Club Haïtien, ak Violette AC. Se yon ti gwoup, men li chaje rivalite istorik ak gwo match. Don Bosco te ouvè chanpyona a ak yon (1-1) kont ekip Violette AC a. Annapre toujou nan menm jounen sa yo te fè yon bèl viktwa (2-0) kont Racing Club Haïtien. Yo te jwe match sa a lakay yo, epi yo te san pitye pou domine Lyon yo.

Pou dezyèm jounen an, Don Bosco te fè fas ak yon ekip Violette ki solid. Malgre anpil efò, pa t gen okenn gòl nan match sa a ki te fini (0-0), yon rezilta ki te toujou mete Don Bosco nan tèt gwoup la ak 5 pwen.

Nan dènye match li pou premye tou a ekip la tounen jwe kont Racing ankò, nan Parc Sainte-Thérèse, kote Racing te akeyi yo. Match la te difisil, men Don Bosco mete tèt li byen pou li ranpòte yon dezyèm viktwa (2-1) kont menm advèsè sa. Se gras ak disiplin taktik, konfyans nan jwèt la, ak jefò kolektif tout ekip la yo rive jwenn twa pwen sa yo ki mete yo premye nan gwoup la ak 8 pwen.

Don Bosco deja asire plas li nan dezyèm faz la, pandan li ap tann dènye match gwoup la kote Racing pral rankontre Violette AC. Match sa a ap gen enpòtans pou detèmine si Mechan Mechan yo ap fini premye oswa dezyèm nan gwoup la, men kèlkeswa rezilta a, ekip la gentan bay tèt li sekirite pou kontinye avanti li nan chanpyona a. Ekip Petyonvil la montre tout peyi a li pare pou fè bèl bagay sezon sa a.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou