AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI PremyeDivizyon

PremyeDivizyon

Cherine Josué kreye sansasyon pou premye eksplwa America des Cayes nan CNE la

imaj atik la

25 Avril 2025   Neuvième Junior   722

Mèkredi a, America des Cayes te resevwa ekip Cavaly AS la sou tèren Land des Gabions. Rankont sa te fèt nan kad match ki konte pou 5èm jounen chanpyona nasyonal espesyal la. Klèb kayen an ki ap goumen lontan, fè premye viktwa l nan sòti sa.


Mèkredi a, America des Cayes te resevwa ekip Cavaly AS la sou tèren Land des Gabions. Rankont sa te fèt nan kad match ki konte pou 5èm jounen chanpyona nasyonal espesyal la. Klèb kayen an ki ap goumen lontan, fè premye viktwa l nan sòti sa.

Aprè yon kòmansman match timid bò kote 2 fòmasyon yo, jwè Cavaly yo ki te parèt pal nan rankont lan, te louvri eskò a sou yon gòl Fenelson Joseph make nan 27èm minit. Sou gòl sa, abit santral rankot lan te fèmen je li sou yon aksyon ki te kapab pèmèt America jwenn yon penalite,malerezman sa pa t rive fèt jis atak la vini kote Cavaly e gadyen kayen an ki te fè yon sòti ki pa reponn koz jòn e blan yo sibi ouvèti eskò a.

Fas sitiyasyon sa, Kòlòs yo ki te mal pou antre nan match te deside mete pye yo sou balon jis Jean Max Guerrier (Ti Lapen) reponn prezan pou America nan 33èm minit (1-1). Premye peryòd la te fini (1-1). Aprè poz mitan, kayen yo te kontinye pouse e benefisye yon kònè. Sou aksyon sila gadyen ekip Leyogàn llan te fè yon premye arè sou yon tantativ wè dezyèm lan antre nan filè pou 2-1 an. Gòl viktwa sa vini avèk Alix Michel 46èm minit.

Anvan match chòk 6èm jounen chanpyona espesyal ayisyen an ki ap mete Juventus kont America, Kòlòs yo te oblije konte sou milye tèren yo a Cherine Josué ki t ap mete estabilite nan jwèt la. Kòm rekonpans, li fini meyè jwè match la pandan li ranpòte twofe meyè jwè a.

Ak premye viktwa sa America konnen an, yo deja gen 6 pwen nan do Juventus ki gen 7 pwen. Kòlòs yo ki jwe 4 match pou yon match anreta kont Solo yo, gen randevou dimanch k ap 27 avril la pou tante fè yon dezyèm eksplwa. Guetz Synvilcat ak koyekipye li yo, deja chita ap tann Germeille Stevenson ak koyekipye li yo pou dèbi kayen an k ap konte pou 6èm jounen chanpyona nasyonal espesyal ayisyen an.

Telechaje aplikasyon GolAyiti a sou Appstore ak Playstore pou w ka genyen kontwòl kòman chanpyona a ap dewoule, klasman, eskò, elatriye...

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )