FRANSLigue1Ligue2CoupeDeFranceLòt
AKÈY FRANS Ligue1

Ligue1

Paris Saint-Germain pa mete rekò tout moun t ap tann lan

imaj atik la

26 Avril 2025   Neuvième Junior   48

Yè vandredi a, OGC Nice rive fè tonbe Paris Saint-Germain (3-1) nan Ligue 1 an, e se pou premye fwa pou sezon an PSG pèdi nan chanpyona frans lan. Nan mikwo DAZN, atakan azireyen an Gaëtan Laborde 30 lane 25 match pou 9 gòl nan L1 sezon sa, pran anpil plezi nan sa ki pase jodi a kote niswa yo make 3 gòl sou twa grenn chout yo genyen ki kadre yo.

Pou montre kè kontan ak satisfaksyon sa, li pale poul di:
"Nou byen fè, nou te konnen sa ap konplike. Nou te solid epi efikas nan tou 2 kare yo. Se sa ki bote foutbòl la, nou te sibi senaryo sa deja kont pwòp tèt nou. Jodi a, sa vin an favè nou. Bravo tout moun". Fason bitè Aiglons an eksprime jwa li.

Sa ki bay plezi a, se fason PSG t ap domine rankont sa. Nan dominasyon sa, Paris fè 32 chout pou 13 kadre. Poutan, Nice fè 7 tir epi 3 kadre.

Luis Enrique antrenè klèb vil limyè a, pale sou koze pil okazyon jwè li kreye yo.

Nou fè yon match ki serye, pandan nou ap atake tout fason, men yo defann yon fason ki enkwayab. Nou tire plis pase 30 fwa, nou ta renmen fè menm bagay la kont Arsenal e genyen tout okazyon sa yo. Nou dwe felisite Nice ak tout nou menm, nou gen pou nou fè maksimòm lan pou sipòtè nou yo". Deklarasyon espanyòl la.

KÒMANTÈ

TestUser 27 avr 2025, 9:53 AM
VxmYfg EQTwGuwr PBZJbRLv YrrKwqYV
    
Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )