UEFAChampionsLeagueEuroEuropaLeagueLòt
AKÈY UEFA ChampionsLeague

ChampionsLeague

UEFA ap reflechi sou twa chanjman nan fòma Champions League lan

imaj atik la

24 avril 2025   Jacky Chéry   328

Daprè jounal alman Bild, UEFA anvizaje fè twa chanjman nan Champions League lan pou edisyon k ap vini yo. Chanjman sa yo vize prensipalman faz eliminasyon dirèk yo.


Enstans siprèm foutbòl ewopeyen an, daprè Bild, ap gade kijan yo kapab retire tan pwolongasyon yo nan faz eliminasyon dirèk yo, sof pou final lan. Yon prensip ki deja ap aplike nan plizyè konpetisyon entènasyonal, prensipalman nan CONMEBOL lan.

Lòt chanjman ki prevwa fèt, UEFA swete favorize ekip k ap fini nan Tòp 8 yo pou fè yo jwe match retou yo lakay yo. Yon chanjman ki pran sous li nan chanpyona ameriken baskètbòl lan (NBA) nan faz pleyòf yo.

Dènye chanjman an se konsènan konfwontasyon yo. Nan faz eliminasyon dirèk yo, UEFA ap reflechi sou yon fason pou ta kapab evite 2 klèb nan menm peyi kwaze anvan seri kadefinal yo, menm jan sa te ye nan ansyen fòma a.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou