Malgre Olympique Lyonnais te genyen match ale a (1-2), yo pa t ka kenbe avantaj la nan match retou a, nan Groupama Stadium nan. Arsenal domine Lyon ak yon viktwa (1-4), jodi 27 avril 2025 lan, epi elimine ekip fransèz la nan demifinal Ligue des Champions fanm nan
Aprè viktwa (1-2) Lyon te fè nan Meadow Park la, anpil moun te kwè ekip fransèz la t ap jere sa lakay li. Men, Arsenal te gen lòt plan. Depi nan 5èm minit, yon move aksyon te pouse Christianne Endler make kont kan pa li pou mete Arsenal devan. Anvan mitan an te fini, nan 45+1èm minit, Mariona Caldentey double avantaj la pou Gunners yo.
Anyen pa t chanje, se te menm istwa a depi nan koumansman dezyèm mitan an: Alessia Russo frape pou (0-3) nan 46èm minit, epi Caitlin Foord te fè (0-4) nan 63èm minit, mete Lyon totalman anba dlo.
Malgre tout difikilte sa yo, jèn etwal ayisyèn nan Melchie Dumornay te bay Lyon yon ti espwa, lè li make yon bèl gòl nan 81èm minit. Men, twòp domaj te gentan fèt : Arsenal elimine Lyon sou yon eskò total (3-5), (ale/retou).
Arsenal ap kontinye avanti li an nan Ligue des Champions, pandan Olympique Lyonnais, malgre kouraj li, dwe kite konpetisyon an nan etap demifinal la. Melchie Dumornay ak ekip li a ap gen pou reflechi sou sezon sa a, epi prepare pou retounen pi fò.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou