Final Koup Diwa a ki gen pou jwe demen an nan gwo dlo. Apati yon videyo Real Madrid TV te pibliye kont abit Ricardo De Burgos Bengoetxea, ki se abit ofisyèl pou final la, anpil moun reyaji, abit la li menm te reponn nan yon konferans pou laprès kote li te parèt ak dlo nan je, denonse zak li menm ak fanmi l ap sibi.
Real Madrid ki panse abit la pa ka jere match la san fòs kote te mande pou yo ranplase ni li ni asistan li yo. Federasyon foutbòl panyòl la (RFEF) pa t dakò, sa ki mennen klèb merengue a pran desizyon boykote tout pwotokòl anvan match la. Yo pa patisipe ni nan konferans pou laprès, ni nan foto ofisyèl yo, ni nan antrènman ofisyèl ki te gen pou fèt aswè a. E gen menm bri ki kouri klèb la ap panse pou li pa parèt ditou demen sou teren La Cartuja nan vil Seviy pou jwe final la.
Nan yon kominike ofisyèl Real Madrid fè konnen li pa ka aksepte deklarasyon piblik abit final yo fè. "Deklarasyon sa yo, ki montre gwo pwoblèm kont Real Madrid, se prèv klè abit sa yo pa apwopriye pou dirije yon match ki gen gwo enpòtans konsa," se sa klèb la ekri.
Yo ajoute : "Deklarasyon yo te chaje ak menas, pale sou 'inyon' pami abit yo, ki mete an dout prensip jistis, objektivite ak san zanmitay ki ta dwe gide yon evènman foutbòl plizyè santèn milyon moun ap swiv atravè mond lan."
Real Madrid mande RFEF ak kò abitraj la pran tout mezi nesesè pou pwoteje repitasyon enstitisyon yo. Kominike a pa di klèman si klèb la ap jwe final la oswa si yo p ap jwe l.
Kounye a, tout je fikse sou sa ki pral pase demen swa. Èske Real ap jwe, oswa èske final sa a ap vin tounen pi gwo eskandal foutbòl panyòl lan? N ap ret tann.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou