Nan estad Liga Deportiva Universitaria, LDU Quito resevwa klèb Flamengo a pou 3èm sòti yo nan Copa Libertadores de América. Nan fasafas sa klèb grenadye a pa rive fè diferans lan.
LDU te Premye nan klasman an aprè 2 jounen, LDU Quito ki fè yon match nil (0-0) lakay li, pèdi tèt klasman an aprè twazyèm jounen chanpyona CONMEBOL Libertadores 2025 lan.
Central Córdoba ki ap jwe nan chanpyona Ajantin lan pran premye plas la ak 7 pwen pandan ayisyen an ak klèb Ekwatoryen an dezyèm ak 5 pwen.
Pou tante pwogrese plis nan konpetisyon enpòtan sa, LDU Quito dwe bat Dep. Táchira nan match retou a k ap fèt 7 me 2025 epi espere Córdoba fè yon fo pa fas Flamengo ki twazyèm ak 4 pwen. Ricardo Adé ap an deplasman pou 4èm soti yo nan Copa Libertadores la.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou