Ayè vandredi 25 avril la, nan estad Roi-Abdullah peyi Arabi Sawoudit. Al-Hilal te resewa klèb Kore Disid lan Gwangju Football Club. Akèy sa fèt nan kad match kadefinal Ligue des champions Azyatik lan.

Pou C1 Azyatik la, peyi Arabi an gen 3 klèb ki kontinye domi nan konpetisyon an, Al-Hilal, Al-Nassr e Al-Ahli. Pami yo, Al-Hilal te gen pou jwe match ki te pou bali aksè ak dènye kare konpetisyon an. Pou li pa rate okazyon kalifye a, sawoudyen yo demantibile klèb koreyen an (7-1) pou pase etap sa. Masak sa fèt avèk 7 bitè diferan ki se; Milinković-Savić 6èm, Marcos Leonardo 25èm, S. Aldawsari 33èm, A. Mitrović 55èm, Malcom 79èm, Nasser Al Dawsari 84èm ak A. Alhamddan 88èm.
Aprè klèb Al-Hilal la fin wonfle ekip Gwangju a, yo kalifye pou jwe demifinal Ligue des champions azyatik la. Demen, Al-Ahli ap resevwa Buriram pandan Al-Nassr ap fè deplasman pou tante pran biyè pa l la kont Yokohama FM.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou