Viktwa Katalan yo yè samdi 26 avril la nan final Copa del Rey fas Merengue yo (3-2) ouvè wout pou yon pi gwo objektif sezon sa ki se reyalize yon triple istorik. Depi 2015, yon eksplwa Blaugrana yo pa reyalize depi 2015.
Aprè yon tan flotman nan dezyèm pati sezon an, FC Barcelone retounen anfòs pou rès sezon an kote y ap rapwoche pi plis chak jou objektif pou ta genyen tout konpetisyon yo jwe yo.
Ayè samdi an, Katalan yo ranpòte premye tit yo pou sezon sa, gras avèk yon viktwa fas Real Madrid nan final Copa del Rey la. Malgre yon seri polemik, Blaugrana yo genyen Merengue yo nan tan pwolongasyon avèk Jules Koundé ki te la pou gòl viktwa a (115’).
Malgre ti remontada Real Madrid lan avèk 2 gòl youn aprè lòt Mbappé epi Tchouaméni te pral make pou pran avantaj lan aprè gòl ouvèti eskò Pedri te enskri nan premye mitan an, Katalan yo te kapab konte sou Ferran Torres nan 84èm minit pou te voye match lan nan pwolongasyon.
Gras avèk premye tit sa, Barcelone kontinye ap avanse sou wout pou ta reyalize triple sezon sa. Katalan yo pou kounya gen bezwen konsolide premye plas yo an nan Liga a, epi al defye Inter Milan nan demifinal Champions League lan.
Si anpil moun te kòmanse pèdi espwa nan ekip Hansi Flick lan, dènye pati sezon an montre yon lòt reyalite, avèk yon latriye jwè k ap jwe yon lòt nivo foutbòl, prensipalman Pedri, Raphinha ak Yamal.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou