ESPAYLaLigaSegundaCopaDelReyLòt
AKÈY ESPAY CopaDelRey

CopaDelRey

Se pa premye fwa yon ekip refize jwe yon match Copa del Rey, Barcelone ak kèk lòt te fè sa

imaj atik la

25 avril 2025   Steve Pierre   1065

Sa k ap pase ant Real Madrid ak Federasyon Foutbòl Panyòl la sou zafè final Copa del Rey 2025 lan mete anpil pale anpil nan mitan fanatik foutbòl atravè lemond. Menm si sitiyasyon an sanble se premye fwa sa rive, li enpòtan pou nou fè tout moun sonje se pa premye fwa yon ekip refize jwe yon match nan Copa del Rey.


Se premye fwa sa rive nan yon final. Sa ki fè kriz sa a pi espesyal, se gravite li genyen pou imaj foutbòl panyòl la ak pou prestij tounwa a.

Ka Racing Santander (2014): Salè pa peye, jwè refize jwe

Nan mwa janvye 2014, jwè ekip Racing Santander te fè yon grèv nan mitan Copa del Rey la. Yo t ap jwe kont Real Sociedad nan kadefinal match retou a, men poutèt yo pa t resevwa salè pandan plizyè mwa, yo te pran desizyon pa jwe match la. Jwè yo te antre sou teren an, mete bra youn sou zepòl lòt, epi rete san fè okenn aksyon. Abit la te oblije sispann match la epi Federasyon an te elimine yo nan konpetisyon an.

Ka FC Barcelon (2000): Pwotestasyon kont dat match la

Nan sezon 1999–2000 la, FC Barcelona te refize jwe yon demifinal kont Atlético Madrid. Federasyon an te mete match la sou yon dat kote Barcelona te gen anpil jwè ki t al reprezante peyi yo. Klèb la te santi li pa t nan avantaj yo, yo te gen sèlman 10 jwè disponib, yo pa t parèt pou jwe. Yo te pèdi plas yo nan final la otomatikman.

Ka Athletic Bilbao (1904): Advèsè a pa parèt

Final 1904 la te fini san foutbòl pa t jwe. Club Español de Madrid pa t parèt pou final la, sa ki te pèmèt Athletic Bilbao ranpòte koup la san menm mete pye sou teren. Sa montre listwa tounwa a toujou gen epizòd ki pa nòmal.

Ka Real Madrid (2025): Premye fwa pou yon final

Nan dosye Real Madrid la, sitiyasyon an diferan. Se premye fwa nan istwa Copa del Rey kote yon ekip menase pa jwe yon final, sa ki bay evènman an yon dimansyon ekstrawòdinè. Ekip merengue a ap konteste chwa abit final la, yo boykote tout aktivite ofisyèl avan match la. Yo poko konfime si yo pral jwe wi ou non.

Kidonk, menm si sa deja rive yon ekip refize jwe nan Copa del Rey, jan Real Madrid ap aji la a se premye fwa nou wè yon klèb mete yon final an danje konsa. Rete pou nou wè kisa Federasyon an ap fè kòm repons, si final sa ap jwe jan sa te prevwa.

KÒMANTÈ

MyName 27 avr 2025, 9:53 AM
JdnpiKSu UhXEThch vRVUSkRF ntNztd eytLW NDmDjGWM TWZvUFX
    

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )