ANGLETÈPremierLeagueChampionshipFACupLòt
AKÈY ANGLETÈ PremierLeague

PremierLeague

Premier League la gen yon nouvo chanpyon

imaj atik la

27 avril 2025   Benswilkenson Jean   109

Chanpyona anglè a sou 34èm jounen l pou wikenn sa, yon jounen ki tou bay ekip ki ranpòte tit la ane sa.


Reds yo, anba direksyon Arne Slot ranpòte, Premier League la aprè sèlman 34 jounen boul.

Reds yo ki te pran premye twofe Premier League yo nan lane 1901 pran 20èm twofe chanpyona anglè yo nan lane 2025 lan.

Gras ak tit sa a, Liverpool rive egale Manchester United nan koze ekip ki pran plis Premier League (20).

Pou premye lane l depi li nan tèt ekip la, Arne Slot reyisi bay Liverpool tit enpòtan sa aprè 34 match. Nan 34 jounen sa yo Liverpool fè 25 viktwa, 7 match nil ak 2 defèt. Sa ki ba li 82 pwen.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )