Triomphe Athletic Club ap konnen yon move moman nan chanpyona nasyonal espeysal la.
Aprè 4 jounen, 700panik reyisi fè yon grenn match nil sèlman. Sa ki ba yo yon grenn pwen nan klasman gwoup Latibonit la.
Dextra Nicolson ki se antrenè prensipal ekip sa voye lèt demisyon l bay dirijan klèbs Lyankou a. Yon desizyon dirijan yo aksepte.
Demisyon sa vini akoz move rezilta yo ki te mete yon move antant nan vestyè ekip la ant jwè ak antrenè a.
Selon dènye enfomasyon yo, Dextra Nicolson te oblije pa menm dirije plizyè antrènman.
Pandan 700panik yo ap prepare match kont Tempête FC, poko gen enfòmasyon pou konnen kiyès ki ap sou ban touch la pou ekip Triomphe lan.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou