Aprè Chili, seleksyon ayisyèn fanm nan pral gen pou kwaze nan match zanmitay Kanada nan yon doub konfwontasyon k ap gen pou jwe nan dat 31 me ak 3 jen k ap vini la.
Nan yon kominike Federasyon ayisyèn foutbòl (FHF) pibliye jodi madi an, seleksyon ayisyèn fanm nan pral gen pou pase yon gwo tès pandan pwochen fenèt FIFA a kote y ap jwe 2 match amikal kont medam kanadyèn yo.
Sou direksyon Malou Quignette, Grenadye yo pral gen pou jwe youn nan meyè ekip nan Concacaf lan, Kanada, ki klase 7èm pi bon ekip nan klasman FIFA, e ki te ranpòte Jwèt olenmpik Tokyo 2020 yo.
Nan detay sou doub konfwontasyon sa, premye match lan ki prevwa nan dat 31 me an ap jwe yon jou samdi nan stad Princess Auto – Winnipeg lan ki twouve l nan Manitoba. Lòt lan ki pwograme pou madi 3 jen 2025 ap jwe li menm nan Stade Saputo ki nan Monreyal (Kebèk).
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou