AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Plizyè klèb ewopeyen deja kòmanse fè Déborah Bien-Aimé je dou

imaj atik la

23 avril 2025   Jacky Chéry   633

Mitan tèren seleksyon ayisyèn lan, Déborah Bien-Aimé, nan ti papye plizyè klèb ewopeyen, prensipalman nan peyi Lafrans, ki ta swete genyen sèvis li sezon k ap vini la, daprè Caleb Jephté Pierre.


Aprè yon seri bèl pèfòmans depi lè li retounen nan seleksyon an, pwogresyon jèn medyan defansif ayisyèn lan pa pase inapèsi, prensipalman nan je Frédéric Gonçalves k ap antrene Olympique Marseille nan Seconde Ligue lan an Frans.

Antrenè fransè an ki te lanse jèn Grenadye an nan seleksyon nasyonal lan nan fen lane 2023, ta swete genyen jwez lan nan efektif Olenpyèn yo sezon k ap vini la, avèk yon posibilite pou yo ta evolye nan Arkema Première Ligue lan.

Déborah Bien-Aimé ki gen 21 lane, se jiskaprezan youn nan jwez ki plis evolye anndan seleksyon ayisyèn lan. Depi premye konvokasyon li te jwenn pou rasanbleman Lisbòn lan nan fen lane 2022, mitan tèren FIU an sòti nan tounwa Open ki te fèt Salvadò an, anvan l ta pral retounen nan gwo seleksyon an aprè mondyal fanm 2023 an.

Pandan pasaj Gonçalves lan, Déborah Bien-Aimé te jwenn opòtinite titilè pandan 4 fwa, ladan yo 2 match youn aprè lòt kont Kostarika ak Pòtoriko. Sou Malou Quignette, nimewo 20 FIU an te titilè nan doub konfwontasyon fas Chili an kote l te jwenn opòtinite montre dimansyon talan li kòm mitan tèren.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou