ARABISaudiProLeagueArabCupSaudiCupLòt
AKÈY ARABI SaudiProLeague

SaudiProLeague

Cristiano Ronaldo prèske konnen yon twazyèm sezon san twofe

imaj atik la

22 Avril 2025   Neuvième Junior   425

Nan peyi Arabi Sawoudit, Saudi Pro League la ap konte jou pou sezon sa fini. Nan kontèks sa, gen yon seri jwè ki fè non yo nan koze foutbòl ki te rejwenn chanpyona Arabi a pou plis viziblite, pou plis mwayen ak ede ekip yo pran tit nan chanpyona. Pami sipèsta sa yo, Cristiano Ronaldo se youn pami lejann foutbòl la ki fè pati jwè sa yo.


Nan peyi Arabi Sawoudit, Saudi Pro League la ap konte jou pou sezon sa fini. Nan kontèks sa, gen yon seri jwè ki fè non yo nan koze foutbòl ki te rejwenn chanpyona Arabi a pou plis viziblite, pou plis mwayen ak ede ekip yo pran tit nan chanpyona. Pami sipèsta sa yo, Cristiano Ronaldo se youn pami lejann foutbòl la ki fè pati jwè sa yo.

Ebyen, CR7 ki te pran wout pou Arabi Sawoudit nan mwa janvye 2023, ap konnen twazyèm sezon li nan peyi Arabi Sawoudit. Atakan 5 fwa balon dò a, te jwe mwatye nan premye sezon li ak klèb Al Nassr la akoz li te rejwenn yo nan mwa janvye.

Aprè sa te pase konsa, entènasyonal pòtigè a te konnen yon sezon konplè ak ekip Sawoudyen an sezon 2023/2024 kote li te make 35 gòl pou yo. malgre sa, sa pa t sifi pou ansyen jwè Real Madrid la te pran tit chanpyon an.

Pou sezon sa, klèb Al-Nassr a te kòmanse pakou 2024/2025 lan ak anpil nouvote pou yo te kapab ajoute yon twofe SPL nan palmarès yo. Malerezman pou yon lòt fwa ankò, Cristiano Ronaldo ak Al-Nassr sou wout pou echwe aprè 3 sezon. Anvan yo jwe 28èm jounen Saudi Pro League la, jòn e ble yo te pran tikè ale retou kont Al Qadisiya (1-2) sa ki fè yo rate okazyon pou te kapab vanse pi pre lidè yo.

Nan match sa, Aubameyang bitè kònè pou yon dezyèm fwa kont yo, sa vle di ansyen jwè Arsenal la make gòl ni nan ale ni retou. Jodi a, Al-Nassr ki pa t gendwa fè erè gen viktwa sou klèb Damac (2-3) an deplasman pou 29èm sòti yo nan chanpyona. Aktyèlman, ekip Sadio Mané a okipe 3èm plas chanpyona ak 60 pwen nan do Al-Hilal 62 pwen.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou