ARABISaudiProLeagueArabCupSaudiCupLòt
AKÈY ARABI SaudiProLeague

SaudiProLeague

Yon apèsi sou evolisyon 3 gwo toryan chanpyona Arabi Sawoudit la

imaj atik la

01 fevriye 2025   Neuvième Junior   774

Malgre refi sa, klèb ble a ki te fè yon fo pa nan 17èm jounen an relanse ak yon viktwa 4-0 jodi a kont Al Okhdood nan match ki konte pou 18èm rankont Saudi Pro League la. Poutan, ayè Al Nassr te gentan fè travay pa l la (2-1) fas Al Raed e Cristiano Ronaldo te bitè pou yon 15èm fwa nan konpetisyon an.


Aprè Al Hilal chwazi kanpe kontra li te genyen ak Neymar lan, direksyon klèb Arab la ap eseye fè tantativ pou atire Rodrygo lakay yo.



Entènasyonal brezilyen an reyaji devan mikwo laprès pou fè konnen objektif li se enpoze l anndan ekip Real Madrid lan pandan klèb la bò kote pa l montre yo pa gen entansyon vann youn nan meyè jwè efektif la genyen nan moman an.



Malgre refi sa, klèb ble a ki te fè yon fo pa nan 17èm jounen an relanse ak yon viktwa 4-0 jodi a kont Al Okhdood nan match ki konte pou 18èm rankont Saudi Pro League la. Poutan, ayè Al Nassr te gentan fè travay pa l la (2-1) fas Al Raed e Cristiano Ronaldo te bitè pou yon 15èm fwa nan konpetisyon an.



Pou lòt rankont chòk chanpyona a, dezyèm lan Al Ittihad ki pa dwe fè erè, gen randevou ak Kholood devan pèp li a demen samdi a. Yon viktwa ap pèmèt Karim Benzema ak tout koyekipye li yo rete kole ak klèb Marcos Leonardo a. Atakan brezilyen an li menm, pa neglije souke filè advèsè yo. 12 gòl pou 14 prezans ak ekip la.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou