ARABISaudiProLeagueArabCupSaudiCupLòt
AKÈY ARABI SaudiProLeague

SaudiProLeague

Karim Benzema reyaji pou bay avi pa l sou deklarasyon Cristiano Ronaldo te fè a

imaj atik la

24 fevriye 2025   Neuvième Junior   800

Nan yon entèvyou Sexta te fè ak entènasyonal Pòtigè a nan dat ki te 4 fevriye 2025 lan, Cristiano Ronaldo te pale pou di : « Mwen panse mwen se jwè ki pi konplè ki genyen, mwen fè tout bagay nan foutbòl la. Mwen jwe byen ak tèt, mwen choute koufran, mwen gen yon pye goch, yon pye dwat, mwen fò, di Cristiano pa konplè se yon manti, mwen plis konplè ».

Aprè pawòl sa yo, jwè Al Nassr lan te kontinye pou li te fè konnen li pa wè yon moun ki meyè pase li. E li di sa avèk tout kè. Ebyen, avèk deklarasyon sa, gen moun ki pa chwazi reyaji konsa tou, genyen ki fè tande vwa yo.

Nan moun ki reponn nan koze sa, nou kapab di se Karim Benzema ki se ansyen koyekipye CR7 epòk li t ap jwe anndan klèb espanyòl la. Pou di sa li panse sou kesyon ansyen atakan Juventus lan, KB9 di, " mwen panse chak moun kapab di sa yo vle. Si li panse l meyè jwè nan listwa, se avi pa l men gen anpil. Tankou, pou mwen se Ronaldo brezilyen. Men Cristiano se sa li ye a. Mwen pa renmen fè konparezon ant jwè. Mwen panse yo chak genyen listwa pa yo e li gen pa l". Reyaksyon atakan Al-Ittihad la nan mikwo TNT Sports.

Karim Benzema ki pa t janm antann li ak 2 ansyen antrenè Tig yo te pase anvan manadjè fransè a, ap konnen yon bèl moman ak klèb Ittihad la. Bitè nan match chòk 21èm jounen SPL la kote Al-Hilal tonbe (4-1) kont Al-Ittihad, klèb entènasyonal fransè a fè yon gwo pa nan tèt klasman an avèk 7 pwen devan advèsè yo te afwonte nan 21 èm jounen an.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou