Nan match chòk 23èm jounen Saudi Pro League la, Al Hilal te chita ret tann Ivan Toney ak koyekipye li yo jis pou tante pase yo anba woulo sou tèren Kingdom Arena.
Fas yon ekip k ap goumen pou yon plas k ap pèmèt yo ale jwe Lig Azyatik la lòt sezon, Al Hilal konnen yon defèt (3-2) pou yon lòt fwa ankò devan piblik li nan chanpyona Arabi Sawoudit la.
Avèk yon gran Ivan Toney ki fè 3 gòl, Al Ahli rive pran yon twa pwen ki ede yo genyen menm kantite pwen ak Al Nassr ki fè yon defèt nan jounen sa. Pou gòl sa yo, Ivan Toney te enskri 2 gòl pou vizitè yo (47èm, 53èm), avan Al-Dawsari (74èm) e Marcos Leonardo (83èm) te sone klòch revolisyon an nan mitan chanpyon an tit yo. Ivan Toney ki pa t dakò ak sa, ofri tèt li yon triple (87èm) pou pèmèt klèb la chavire advèsè yo epi antre lakay yo ak viktwa a.
Gras ak 3 pwen an, Al-Ahli grenpe nan 4èm plas la ak 47 pwen menm jan ak Al-Nassr. Al-Hilal 2èm, avèk 5 pwen dèyè Al-Ittihad ki ap genyen pou jwe kont Al-Okhdood dimanch.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou