ARABISaudiProLeagueArabCupSaudiCupLòt
AKÈY ARABI SaudiProLeague

SaudiProLeague

Duran kòmanse krache dife ak klèb Sawoudyen an Al Nassr

imaj atik la

16 fevriye 2025   Neuvième Junior   607

Apèn li rejwenn peyi Arabi Sawoudit, atakan kolonbyen an Duran rive enpoze l san difikilte nan yon efektif ki te bezwen nouvo jwè pou ede yo fè diferans epi tante remonte nan klasman SPL la.


Apèn li rejwenn peyi Arabi Sawoudit, atakan kolonbyen an Duran rive enpoze l san difikilte nan yon efektif ki te bezwen nouvo jwè pou ede yo fè diferans epi tante remonte nan klasman SPL la.

Aprè 3 match bò kote CR7 ak lòt koyekipye l yo, Jhon Durán pwouve dirijan yo byen chwazi l pou ranfòse ekip la, se te youn nan pi bon chwa yo te kapab fè jiska prezan.

Nan okazyon 20èm jounen chanpyona Arabi Sawoudit la, 2 nan gran toryan yo t ap frape tèt pou konnen kiyès k ap sòti ak rezilta pozitif la. Ebyen, pou fasafas sa Al Nassr ranpòte siksè a (2-3) sou tèren Al Ahli a gras ak yon dezyèm eksplwa ansyen jwè Aston Villa a fè.

Nan yon estad ki te foul ak moun pou yon gwo anbyans, klèb Riyad la wè nouvo chouchou Al Nassr lan frape dezyèm double li youn aprè lòt sou 3 rankont li deja jwe.

Nan klasman an, Al Nassr ki fè yon 5èm pa youn dèyè lòt, pase ak 4 pwen an mwens Al Hilal ki dezyèm pandan Roberto Firmino ak ekip li ret jere 5èm plas la.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou