ARABISaudiProLeagueArabCupSaudiCupLòt
AKÈY ARABI SaudiProLeague

SaudiProLeague

Cristiano Ronaldo pale anpil pawòl ki ka fè moun byen e ki ka pa fè moun byen

imaj atik la

04 fevriye 2025   Benswilkenson Jean   712

Ansyen Reds Devils la fè konnen li pa fin kontan lè moun yo plis konsantre sou objektif 1000 gòl la.


Lejann pòtigè a Cristiano Ronaldo pale anpil koze jodi a. Jwè a pale sou plizyè bagay tankou konparezon Saudi Pro League la ak MLS la.



Nan deklarasyon l jodi a, atakan Al Nassr a fè konnen chanpyona Arabi Sawoudit la pi wo nivo lontan pase chanpyona peyi Etazini an ki se MLS la. "Li klè MLS la pi mal pase SaudiPro League la. Moun ki ap pale yo pa konn sa yo ap di

Sèl moun ki ap jwe yo ki konnen" Cristiano Ronaldo.



Lejann madrilèn lan fè konnen lo klè kou dlo kokoye menm si li make 1000 gòl nan karyè l oubyen li pa make l, se li ki ap toujou rete "Goat" la.



Gwo sezisman nan pawòl lejann madrilèn lan, se lè li fè konnen li te ka ale nan klèb rival Real Madrid la, FC Barcelone. Men tout bagay ta pral plonje nan moman Manchester United parèt sou tab la. "Lè m te nan Sporting, Barcelone te fè pati klèb ki te enterese yo. Men sa pa t rive fèt epi finalman, Manchester United vini epi mwen tou ale" deklarasyon CR7.



Ansyen Reds Devils la fè konnen li pa fin kontan lè moun yo plis konsantre sou objektif 1000 gòl la.



"Pou m onèt, mwen pa santi m alèz lè tout moun ap pale de sa men se mwen ki koz sa. Kounya lè mwen make yon gòl olye yo pale de bon moman an, yo pito pale sou kantite mwen rete pou m rive nan 1000 la" pawòl CR7.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou