Pou yon lòt fwa ankò, Cristiano Ronaldo chame piblik la nan rankont Al Nassr lan. Non sèlman li fè yon gòl anplis li montre sajès li nan yon jès an favè Sadio Mané pou montre jan li solidè nan tan adisyonèl yo.
Pou yon lòt fwa ankò, Cristiano Ronaldo chame piblik la nan rankont Al Nassr lan. Non sèlman li fè yon gòl anplis li montre sajès li nan yon jès an favè Sadio Mané pou montre jan li solidè nan tan adisyonèl yo.
Gen kèk semèn, Cristiano Ronaldo te reponn kesyon konsènan dezi pou rive nan 1000 gòl « make 920 oubyen 930 gòl mwen ap rete meyè bitè pou toutan », afimasyon atakan an. Depi aprè deklarasyon sa, li kontinye make gòl avèk Al Nassr pou ajoute sou sa li genyen nan palmarès li.
Ayè, fas Al-Wehda, yon ekip ki an difikilte anba klasman, sou yon pas Angelo Gabriel fè aprè yon balon li te rekipere, Cristiano Ronaldo te twouve l nan bon pozisyon pou fini aksyon an. Konsa, CR7 frape 925èm gòl nan karyè l e make 16èm gòl li nan 20 match li jwe pou sezon an ak Al-Nassr.
Nan fen match la swa nan tan adisyonèl, yon aksyon rive. Toujou swaf pou make gòl, Cristiano Ronaldo bay posiblite ak Sadio Mané pou bitè nan rankont lan aprè nèf match san fè gòl. Ak yon penalite ekip jòn e ble a te jwenn, pòtigè a te pran desizyon bay ansyen jwè Liverpool la transfòme l an gòl.
Pou montre apresiyasyon li, Mané pa t rate okazyon pou make 0-2 e asire viktwa klèb la nan chanpyona sawoudyen an.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou