Malgre akò ki te genyen ant Al Nassr ak Bayer Leverkusen pou yon transfè ki t ap koute plis pase 60 M€ nan mèkato ivènal lan, klèb sawoudyen an pa rive finalize vini atakan Victor Boniface ki jwe 10 match epi make 6 gòl nan Bundesliga sezon sa. Jounalis ki fè konnen pis ki te mennen ak jwè a se Fabrizio Romano.

An pasan, klèb Xabi Alonso yo fini nan tòp 8 Ligue des Champions an aprè viktwa yo nan dènye jounen an.
Aprè echèk acha sa nan atak ekip li, fòmasyon an ki genyen lokal li nan vil Riyad ap genyen pou ofri tèt yo sèvis jèn atakan Aston Villa a Jhon Duran ki genyen 21 lane. Ti jèn sa jwe, 20 rankont pou 7 gòl nan Premier League la sezon sa.
2 klèb yo jwenn yon antant definitif konsènan kolonbyen an pou 77 milyon ewo plis bonis. Men nan operasyon sa, dirijan yo pa mansyone konbyen lajan ki ajoute kòm bonis pou atakan 21 lane a. Bò kote jwè a, li deja montre li dakò pou mouvman e ap genyen pou pase vizit medikal li avèk Al-Nassr depi jodia.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou