Manchester City pran yon move nouvèl pou mitan tèren li an Kevin De Bruyne.
Jwè 33 lane a ki vini nan ekip Manchester City a depi 2015 kote l te sòti nan ekip Wolsburg la nan peyi Almay. Jiska jodi a jwè a sou 412 match ak ekip Cityzens lan anba lòd antrenè espanyòl la Pep Guardiola.
Jwè a finalman anonse sezon sa se dènye sezon l sou koulè ekip Sky Bleus Manchester a.
Desizyon sila a vini ak tout konsantman jwè a ki li menm fè deklarasyon an.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou