Lis Carlo Ancelotti pou pwochen match Brezil yo fè gwo bri nan rejyon Katalòy lan. Pandan ansyen antrenè Real Madrid la pran desizyon pou pa rele Vinícius, Rodrygo ak Militao, li rele Raphinha, atakan Barcelone nan. Yon sitiyasyon ki leve anpil kritik sou tretman espesyal ki ta fèt pou jwè merengue yo.
Carlo Ancelotti, ki se seleksyonè Brezil depi mwa jen, pibliye lis li pou de (2) match eliminatwa Koup Dimond yo. Malgre Brezil deja kalifye, lis sa a fè anpil pale. Vinícius Júnior, ansanm ak Rodrygo epi Eder Militao, pa jwenn konvokasyon pou match sa yo. Ancelotti esplike Rodrygo bezwen plis tan pou reprann fòm, pandan Militao toujou ap sòti nan yon blesi, pou Vini Jr menm jwè a sispann pou match kont Chili a pa gen dekwa pou rele l nan dezyèm match la.
Men, nan lòt bò a, Raphinha nan Barça resevwa apèl la. Sa vle di jwè katalan an ap oblije fè anviwon 10 èdtan vòl epi al jwe nan altitid plis pase 4000 mèt la kont Bolivi. Pou medya katalan yo, se yon "tretman espesyal" ki klèman pi fasil pou ansyen jwè li yo nan Real Madrid. Daprè laprès nan rejyon an Ancelotti kontinye fè travay Real Madrid ak distans.
Nan Katalòy, yo wè desizyon Ancelotti a tankou yon konplo pou Barça, pandan Real Madrid jwenn yon "kado". Pa gen dout konfli sa a ap kontinye fè bri pandan Brezil ap prepare pou Mondyal 2026 la.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou