Anpil moun konnen Scott Parker kòm yon ansyen jwè anglè ki te konn òganize jwèt pou anpil gwo ekip. Men jodi a, li fè non li briye kòm antrenè. Se pa ti bagay, Parker rive fè twa (3) ekip monte nan Premier League la aprè yo te fin desann nan Championship la.
Scott Parker se yon non ki vin senbolize siksè ak monte nan Premier League la. Premye aksyon li se te ak Fulham, kote li te pran tèt ekip la an 2019. Anba men li, Fulham te rive monte nan Premier League an 2020 gras ak viktwa yo nan "play-offs" la.
Aprè sa, li te ale pran tèt ekip Bournemouth la an 2021. Menm bagay la repete ankò : li mennen ekip la monte dirèkteman nan Premier League la an 2022. Sa montre Parker se pa yon antrenè òdinè, li gen metòd pa li.
An 2024, li pran direksyon Burnley FC, yon ekip ki t ap eseye remonte aprè yo te finn desann nan dezyèm divizyon. Avèk disiplin, defans solid, ak bonjan plan, Parker mete ekip la sou ray viktwa. Yo fè yon sezon ekstrawòdinè pou 44 match nan Championship la yo fè sèlman de (2) defèt 16 match nil epi 26 viktwa ak 29 "clean sheets". Rete sèlman 2 jounen boul, Burnley sou wout pou retounen nan Premier League ankò.
Antrenè a fè twa (3) ekip monte nan Premier League la, se pa ti reyalizasyon. Sa mete Scott Parker pami antrenè ki gen vizyon, kouraj, ak kapasite pou mete yon ekip sou pye. Avni li sanble klere, epi si l kontinye konsa, li ka vin youn nan pi gwo antrenè Angletè a lavni.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou