Marco Asensio ki se ansyen jwè klèb Real Madrid la, te rejwenn ekip PSG a pou tante leve yon lòt defi. Akoz li pa vrèman konvenk antrenè Paris a, direksyon ekip la chwazi prete goche a ak yon klèb k ap evolye nan Premier League la.

Depi lè Asensio rejwenn ekip Aston Villa a, li jwe 7 match e make 3 gòl nan chanpyona anglè a. Fas Southampton, Aston Villa t ap jwe 32èm match li nan Premier League la pou sezon an. Kont The Saints yo, ekip jwè espanyòl la te jwenn 2 penal. Moun ki te gen responsablite pou choute yo, se te Marco Asensio ki rate tou 2 penalite yo.
Avèk 2 penal sa yo ansyen milye tèren ofansif PSG a rate an, sa vin koz ansyen madrilèn lan rate posiblite pou l ta an konfyans anvan match klèb Aston Villa ap gen pou jwe fas Paris Saint-Germain nan kad match retou Ligue des Champions an. 2 kout pye arete sa yo, se gadyen advèsè a ki te fè echèk ak Marco sou yo.
Malgre echèk Asensio, Villans yo fè viktwa (3-0) nan dènye moman rankont lan gras ak 3 jwè ki te sòti sou ban. Watkins 73èm, Malen 79èm e McGinn 90+4èm se 3 bitè nan match la. Eksplwa Aston Villa fè a, pèmèt li vini premye klèb nan Premier League la ki gen twa jwè antre nan match pou yo chak fè yon gòl nan menm rankont sa.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou