ITALISerieASerieBCoppaItaliaLòt
AKÈY ITALI SerieA

SerieA

Naples fè yon fo pa ki tou ede Inter Milan pran tèt klasman an

imaj atik la

23 fevriye 2025   Neuvième Junior   600

Depi 8 desanm 2024, Naples ki t ap chache kouri nan chanpyona Itali a te konnen yon defèt (1-0) fas Lazio. Depi lè a, pwoteje Antonio Conte yo pako janm fè fas ak echèk.


Jodi dimanch lan, nan match ki konte pou 26èm jounen serie A, Naples ki te an deplasman, fè yon fo pa lakay Côme (1-2).

Pou te mete sitiyasyon an fason li te ye a, Rrahm Rrahmani te make gòl nan kan li nan setyèm minit sa ki te pèmèt Côme ap mennen (1-0). San pran twòp tan, jwè Antonio Conte yo te mete eskò a egal avèk Raspadori 17èm minit.

Men, tou pre pou rankont lan fini, Diao 77èm te bay avantaj desizif lan ak klèb Côme lan ki fèt monte nan D1 italyen an. Pou grenn gòl sa espanyòl 19 lane a make jodi a, sa pèmèt li frape yon 5èm fwa nan 8 match depi lè l rejwenn klèb italyen an pandan ivè a aprè pasaj li nan Betis.

Nan klasman an, Naples bay plas lidè a ak Inter Milan ki te fè tonbe Genoa (1-0) ayè samdi a. Diferans ki genyen ant 2 fòmasyon yo se sèlman yon pwen. Côme li menm okipe 13èm plas serie A.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )