Seksyon fanm Olympique Marseille lan k ap goumen pou monte nan Arkema Première Ligue lan ap gen pou jwe fas US Orleans demen dimanch lan nan okazyon 18èm jounen Seconde Ligue lan.
Aprè viktwa enpòtan wikenn pase an fas RC Lens ki se lidè konpetisyon an, Olympique Marseille pral gen pou deplase lakay US Orleans, ki li menm ap goumen pou pa desann nan twazyèm divizyon.
Pou match sa, Frédéric Gonçalves konvoke 16 jwez, pami yo twa ayisyèn, avèk pou prensipalman misyon rapwoche yo pi plis de monte nan premye divizyon foutbòl fanm fransè an.
Tabita Joseph, Maudeline Moryl ak Chelsea Domond jwenn konfyans antrenè fransè an ki pral kapab konte sou yo pou match sa fas US Orleans. Yon viktwa ap pèmèt olenpyèn yo rapwoche pi plis toujou RC Lens ki rete lidè malgre defèt li jodi samdi an fas FC Metz.
Aprè 18 jounen, Olympique Marseille twouve l nan twazyèm pozisyon (33 pwen) avèk 2 match an mwens, dèyè Toulouse ki genyen 34 pwen, annatandan li jwe match 18èm jounen pa li an.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou