Anviwon 2 semèn anvan fen Seconde Ligue lan, Racing Club Lens rapwoche seryezman objektif pou l monte nan premye divizyon an. Jodi dimanch lan, Sang et Or yo genyen OGC Nice an deplasman 0-3.
Gras avèk yon bon pèfòmans pou medam ayisyèn yo, RC Lens genyen fasilman OGC Nice, youn nan ekip k ap goumen pou pa desann nan twazyèm divizyon yo. Dayana Pierre-Louis k ap jwe yon bon sezon, te pwovoke yon penalite pou Lens te ka ouvri eskò an.
Toujou nan kad gwo pèfòmans medam ayisyèn yo, Jennyfer Limage, ki te blese pandan lontan sou sezon an, te patisipe nan twazyèm gòl Sang et Or yo avèk yon long pas li ta pral fè pou Aude Gbedjissi ki te pasè desizif pou Kaina El Koumir.
Aprè 20 jounen Seconde Ligue lan, Racing Club Lens kontinye rete lidè konpetisyon an avèk pou kounya 42 pwen, devan Olympique Marseille ki genyen 39 epi Toulouse nan twazyèm plas lan avèk 37 pwen.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou