Foutbòl la sou kontinan afriken an ap kriye lanmò yon jèn talan. Entènasyonal gabonè a, Aaron Boupendza, pèdi lavi li jodi mèkredi 16 avril 2025 lan, aprè li te tonbe sòti nan 11èm etaj yon bilding nan peyi Lachin. Li te gen sèlman 28 lane.
Aaron Salem Boupendza, ki fèt 7 dawout 1996 nan vil Moanda, peyi Gabon, te yon jwè ki te gen anpil vitès ak kapasite pou mete balon nan filè. Li te fè premye pa li nan ekip CF Mounana nan pwòp peyi l anvan li te ale ewòp pou l te jwe ak FC Girondins de Bordeaux an Frans.
Malgre li pa t reyisi enpoze tèt li ak ekip premye Bordeaux a, Boupendza te prete nan plizyè klèb tankou Pau FC (Lafrans), Gazélec Ajaccio (Lafrans), Tours FC (Lafrans) ak Feirense (Pòtigal), kote li te aprann plis sou foutbòl pwofesyonèl la.
Li te vrèman eklate lè li te rive nan Hatayspor nan peyi Latiki pandan sezon 2020-2021 an. Nan chanpyona tik la, li te vin pi bon bitè ak 22 gòl nan 36 match jwe, yon sezon ki te mete non li sou bouch tout mond foutbòl la.
Aprè sa, li te kontinye vwayaj li nan Al-Arabi SC nan peyi Kata, epi li te jwe tou Ozetazini ak FC Cincinnati, kote li te kontinye fè bon pèfòmans. Dènye klèb li se te Zhejiang FC an Chin, kote li te transfere nan lane 2024.
Sou plan entènasyonal, Boupendza te mete mayo seleksyon Gabon an 35 fwa epi li te make 8 gòl. Li te patisipe nan Koup Afrik Nasyon yo tou, kote li te youn nan eleman kle bò kote Pierre-Emerick Aubameyang ak Denis Bouanga.
Malerezman, yon aksidan trajik mete fen nan tout rèv ak lespwa fanatik foutbòl te mete sou li. Daprè otorite chinwa yo, gen ankèt k ap fèt pou konnen egzakteman sa ki te pase. Jiskaprezan, yo poko konnen si se te yon aksidan, yon zak swisid oswa lòt bagay.
Lanati rache Aaron Boupendza twò bonè. Li kite dèyè l yon tras ki p ap janm efase ni nan memwa fanatik foutbòl Gabon an, ni nan kè tout moun ki renmen bèl jwèt la. Nou voye tout kondoleyans nou bay fanmi li, zanmi li ak tout pèp gabonè a. Aaron, ou te fè sa ou te kapab sou tè a, repoze an pè.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou