Domèn teknoloji a pa sispann anvayi mond foutbòl la. Nan Koup Nasyon Afrik la, Touch2See envante yon tablèt taktil pou pèmèt moun ki pa gen bon kapasite pou wè yo kapab swiv match yo
Tablèt sila a se Touch2SEE ki envante l nan kolaborasyon ak Orange yon konpayi rezo telefonik. Tablèt sila a anpil moun te ka obsève nan men kèk fanatik foutbòl nan Koup Nasyon Afrik lan fèt pou moun ki pa byen wè yo.
Ladan l gen yon sistèm manyetik ki entegre pou pèmèt itilizatè yo santi deplasman balon an jan li ap fèt nan tan reyèl sou tèren an. Avèk bouton sistèm manyetik sa konpayi a mete sou ekran an, malvwayan yo santi anba dwèt yo tout jan balon an deplase sou tèren an pandan match la.
Non sèlman yo santi deplasman balon an men tou, konseptè a entegre lòt teknoloji ladan l ki fasilite itilizatè yo kapab gen kontwòl entasite match la ak plis sansasyon. Ladan l yo entegre yon seri moman tankou akselerasyon jwèt la, moman fò yo ak kèk lòt sistèm ankò pou pèmèt moun yo plis santi sa kap pase sou tèren an.
Anplis de sa konseptè a mete yon sistèm odyo ki eksplike aksyon yo yon fason byen detaye sou sa ki ap pase sou tèren an. Teknoloji sila a vin mete moun ki nan kategori sa yo pi pre sansasyon jwèt la.
N ap raple, teknoloji sa pa sèlman fèt pou jwèt foutbòl la men yo fè l tou pou pou kèk lòt disiplin espòtiv.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou