Ant echèk ak lajwa, Nènè Dorgelès viv yon semèn chaje emosyon. Aprè eliminasyon Mali nan kadefinal CAN 2025 lan kont Senegal, atakan an pa t pèdi tan: li kite Mawòk menm nan lannwit l pou l al rejwenn Fenerbahçe. Yon chwa ki peye, paske 24 èdtan aprè, li ranmase premye twòfe karyè li ak klèb tik la.
Jounen 9 janvye 2026 la, Nènè Dorgelès te antre nan match la nan 55èm minit kadefinal CAN lan kont Senegal, li te ranplase Amadou Haidara. Malgre efò li yo, Mali pa t rive pase obstak senegalè a. Eliminasyon an te frape jwè a fò, epi li te deside kite Mawòk san pèdi tan.
Nan menm lannwit lan, Dorgelès pran yon avyon prive pou l al nan peyi Latiki, ak yon sèl objektif: reponn prezan pou Fenerbahçe nan final Sipèkoup Tiki a kont gwo rival li Galatasaray.
Jou 10 janvye 2026 la, li te kòmanse final la sou ban an. Men, antrenè a fè apèl ak li nan 69èm minit, pou ranplase Jhon Durán. Antre li a te pote enèji ak disiplin nan faz ofansif la, pandan Fenerbahçe te kenbe avantaj li jiskaske kout siflè final la.
Nan sèlman 24 èdtan, Nènè Dorgelès pase sòti nan tristès eliminasyon CAN nan ak peyi li Mali, pou rive nan kontantman premye tit pwofesyonèl li ak klèb Fenerbahçe a. Yon lòt epizòd ki montre fòs mantal jwè a, ak sou yon lòt fòm espò sa, ki se foutbòl, pa sispann fè nou wè yon seri de bagay nou pa te ka menm imajine.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou