AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI SeleksyonNasyonal

SeleksyonNasyonal

Seleksyon ayisyèn U-17 feminen an rantre nan dènye liy dwat preparasyon li an

imaj atik la

12 Janvye 2026   Jacky Chéry   832

Anviwon 2 semèn avan premye faz eliminatwa CONCACAF pou Mondyal feminen U-17 2026 lan, seleksyon nasyonal ayisyèn lan kontinye prepare l e pral gen pou jwe kont lòt nasyon Amerik santral ak nan Karayib la.


Ayè dimanch 11 janvye 2026 lan, jèn Grenadye yo fè yon match nil entèresan fas Aigle Noir AC, nan yon match k ap sèvi pou fè dènye mizanplas yo avan seleksyon an vwayaje nan peyi Kiraso kote gwoup Ayiti an ap jwe an.

Gras ak Kerdina Lamour ki se prensipal vedèt ekip sa, seleksyon nasyonal ayisyèn lan te reyisi jwenn ouvèti eskò an sou yon koufran dirèk nan premye mitan an. Aigle Noir AC, ki genyen nan efektif li plizyè jwez ki te nan dènye seleksyon jèn nou yo, te reyisi jwenn egalizasyon nan dezyèm mitan an.

Seleksyon nasyonal ayisyèn lan ki toujou poko ofisyèlman genyen antrenè, kontinye ap prepare sou tèren Parc Sainte-Claire lan nan Tiplas Kazo. Aprè 2 match preparasyon, Grenadye yo genyen yon bilan san viktwa, avèk yon nil epi yon defèt yo te fè nan premye match lan kont Dumornay FC.

N ap raple, Ayiti ap gen pou jwe nan dat 25, 27 ak 31 janvye youn aprè lòt kont Zile Kayiman, Sentlisi, Antigwa epi Gwatemala. Nan fòma konpetisyon sa, premye an ap kalifye dirèk pou dènye faz lan k ap fèt ak 12 ekip.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou