AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI PremyeDivizyon

PremyeDivizyon

LHF anonse dezyèm jounen match ale pleyòf la pou mèkredi

imaj atik la

13 janvye 2026   Neuvième Junior   263

Dimanch kite 11 janvye a, LHF te lanse premye jounen faz pleyòf chanpyona nasyonal D1 an. Nan gwoup gran sid la, te gen 2 bèl randevou pou premye match ale a. Rankont sa yo fini ak yon nil nan Okay e yon defèt nan Leyogàn. Aprè jounen sa, LHF lanse dezyèm jounen an pou mèkredi 15 janvye pou kontinye avanse ak sezon an.

Sou tèren Gérard Christophe lan, Violette AC sòti nan kapital peyi a pou vin enpoze yo sou youn nan klèb ki te pwodwi bèl imaj nan faz gwoup la. Fas vye tig yo, chevalye wouj yo ki tonbe (1-0) pa t gen chans galope.

Pou tante chanje sitiyasyon yo epi rejwenn souri ki te la nan faz gwoup la, Cavaly A.S gen randevou mèkredi ak Racing club Haïtien pou dezyèm jounen faz ale pleyòf la.

Poutan, nan menm mèkredi sa, chanpyon an tit yo ki pran nan pa konprann fas klèb kapital la Racing ki rache yon grenn pwen (1-1) nan men yo, ap tann Violette AC nan Land des Gabions an pou tante montre kiyès ki granmoun kay la. Jwè vye Tig yo ki ap vini ak yon konfyans aprè viktwa yo fè sou Cavaly a, swete montre kòman yo swaf reprann nimewo 1 nan elit foutbòl ayisyen an.

Aprè rankont sa ki te plis fizik nan plas teknik, Solo yo gen obligasyon pou pwofite avantaj tèren an epi pran devan nan klasman an.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou