Yon gwo deklarasyon ki kapab mete an kesyon posib ranfò seleksyon nasyonal ayisyèn lan ap tann pou Mondyal 2026 lan. Daprè Donald Guerrier, jwè sa yo n ap tann pou vin ranfòse ekip lan kapab pa vini ak tout yo menm akoz Ayiti pa t janm premye opsyon yo.
Nan yon entèvyou avèk animatè Guy Wewe, ansyen defansè seleksyon nasyonal la pa mete dlo nan bouch li pou di sa l panse sou nouvo jwè ki kapab rejwenn ekip lan pou Mondyal 2026 lan. Donald Guerrier pale sou desizyon sa yo ki kapab vini aprè yo pa rive jwenn plas nan seleksyon peyi kote yo fèt lan.
Donald Guerrier te pran an konsiderasyon ka Wilson Isidor ak Odsonne Edouard lan, ki se de potansyèl ranfò ekip nasyonal la kapab genyen pou Mondyal 2026 lan. De jwè sa yo te deja evolye sou koulè ekip jèn Lafrans yo, menm jan ak Jean Ricner Bellegarde ki jodi a te youn nan gwo atizan kalifikasyon nou pou Mondyal lan.
Donald Guerrier, k ap evolye jounen jodi a nan peyi Polòy, mete limyè sou yon reyalite anpil peyi Afrik ak karibeyen ap fè fas depi kèk tan. Fenomèn migrasyon an ki jeneralman touche peyi ki mwens avanse yo kreye yon sitiyasyon kote anpil peyi gen pitit yo ki fèt aletranje.
Jounen jodi a, akoz reyalite ki genyen an Ayiti a kote peyi a ap fè fas ak youn nan pi gwo kriz nan tout istwa l, seleksyon an genyen anviwon 70% jwè yo ki pa fèt Ayiti. Si gen yon verite nou pa ka inyore nan pawòl Donald Guerrier yo, li enpòtan tou pou n rekonèt enpak jwè binasyonal yo nan seleksyon an ki pral jwe Koup Dimond pou yon dezyèm fwa.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou