FIFAMondyalMondyalClubAmikalLòt
AKÈY FIFA Lòt

Lòt

Maladi grav frape ansyen jwè Chelsea a, Lamisha Musonda ap goumen pou lavi li

imaj atik la

10 janvye 2026   Steve Pierre   751

Ansyen foutbolè belj la, Lamisha Musonda, kite yon mesaj ki boulvèse anpil moun sou rezo sosyal li yo, kote li di l ap fè fas ak gwo pwoblèm sante. Jodi a, a 33 an, ansyen jwè ki te fòme nan RSC Anderlecht la, ki te pase pa Chelsea, fè konnen sitiyasyon li grav anpil, san li pa antre nan detay sou maladi a.


Aprè prèske de (2) lane silans sou rezo sosyal yo, Lamisha Musonda chwazi pale ak piblik la atravè yon piblikasyon sou Instagram. Nan mesaj la, li esplike de (2) dènye lane yo te difisil anpil pou li, ni sou plan fizik ni sou plan mantal. Li fè konnen se eta sante li ki te lakòz li te disparèt konsa nan espas piblik la.

Nan pawòl ki chaje emosyon, ansyen jwè a admèt sante li rive nan yon nivo kritik. Li di klèman li ap mennen yon batay pou siviv, pandan li mande soutyen ak lapriyè tout moun ki kwè nan li. Daprè li, èd moral sa yo enpòtan anpil nan moman difisil li ap travèse a.

Lamisha Musonda fè konnen li pa pou kont li nan konba sa a. Fanmi li kanpe bò kote l, epi li di yo pa janm lage l, menm si batay la difisil. Li pwofite tou eksprime lanmou ak rekonesans li pou tout moun ki te make lavi li, pandan li montre lapèn li genyen dèske li pa sèten li va gen tan remèsye yo tout pèsonèlman.

Pitit ansyen foutbolè Charly Musonda, Lamisha te pase pa sant fòmasyon Anderlecht avan li te pran direksyon Chelsea an 2012 nan peyi Langletè, ansanm ak frè li yo Tika ak Charly Musonda Jr. Malgre eksperyans sa a, li pa t janm jwe ak ekip premye klèb anglè a, epi li te retounen nan peyi Bèljik de (2) lane aprè.

Li te mete fen nan karyè pwofesyonèl li an 2020, aprè yon dènye pasaj ak Tout Puissant Mazembe, an Repiblik Demokratik Kongo. Frè li, Charly Musonda Jr, ki te konsidere kòm youn nan gwo espwa jenerasyon li a, te pran retrèt li bonè tou, a 28 an, akoz anpil blesi ki te brannen karyè li.

Jodi a, mesaj Lamisha Musonda a touche anpil moun nan mond foutbòl la, kote plizyè sipòtè, ansyen jwè ak obsèvatè espò ap voye mesaj ankourajman ak lapriyè pou ansyen entènasyonal belj la, nan lespwa li va rive genyen batay sa a kont maladi a.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou