Nan yon kominike piblik ki sòti jodi mèkredi 14 janvye 2026 lan, Federasyon ayisyèn foutbòl (FHF) anonse ofisyèlman Frenoy Baptiste kòm nouvo antrenè seleksyon nasyonal U-17 fanm nan.
Yon semèn avan kòmansman premye faz eliminatwa CONCACAF pou Mondyal U-17 fanm 2026 lan, FHF ofisyèlman chwazi Frenoy Baptiste pou dirije ekip lan pandan konpetisyon an k ap gen pou jwe nan peyi Kiraso.
Antrenè fransè 28 lane an ki te dirije dènye seleksyon U-20 fanm nan, pran tèt ekip U-17 la avèk pou prensipal misyon kalifye ti medam yo pou dezyèm faz eliminatwa CONCACAF pou Mondyal 2026 lan.
« Kòm tèt seri nan Gwoup C a, Ayiti pral jwe 4 match nan FFK Stadium lan, Willemstad, avèk objektif pou pran premye plas nan gwoup la epi kalifye pou pwochen tou a », sa nou kapab li nan kominike sa.
Seleksyon nasyonal U-17 fanm nan ki te kòmanse preparasyon li depi plizyè semèn sou tèren Parc Sainte-Claire lan, nan Tiplas Kazo, ta dwe vwayaje 18 janvye k ap vini la pou rejwenn lòt gwoup ekspatriye yo k ap gen pou konplete lis la.
Premye match Ayiti an pwograme pou 25 janvye k ap vini la kont Antigwa, avan pou l rapouswiv konpetisyon an kont Sentlisi, Zile Kayiman epi Gwatemala. N ap raple, ti Grenadye yo genyen FC Ruben (3-1) nan dènye match preparasyon yo avan yo kite Ayiti.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou