Macclesfield Town FC yon klèb 6èm divizyon ki genyen ti frè lejann Manchester United la Wayne Rooney nan tèt li elimine Crystal Palace nan FA CUP la (2-1).
Crystal Palace pran yon so kabrit nan Koup Angletè a lè yo tonbe 2-1 kont klèb Macclesfield Town FC a. Klèb sila a ki gen 5 lane depi yo kreye, okipe 14èm plas nan klasman 6èm divizyon chanpyona Angletè a.
Klèb sila ki gen nan tèt li John Wooney ki se ti frè lejann Manchester United la Wayne Rooney fè gwo eksplwa sa san gwo difikilte fas klèb Crystal Palace la ki 13èm nan Premier League la.
"Mwen pa janm ka rive kwè sa, Mwen pa gen mo. Mwen pa t atann ak sa men sensèman mwen kwè nou merite viktwa a". Deklarasyon jèn antrenè a aprè viktwa istorik sa.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou