Melchie Dumornay kontinye make listwa foutbòl fanm nan. Grenadyè a ranpòte, lendi 12 janvye a, bag magazin « 433 Womenfc » la, ki rekonpanse meyè jwèz foutbòl mondyal la, apre li fin genyen gran final vòt kont balon dò a, Alexia Putellas, gras ak yon mobilizasyon san parèy.
Jwè kle OL Lyonnes la pa sèlman ranpòte yon konkou sou rezo sosyal, li mennen tout yon pèp dèyè li. Pandan plizyè jou, Ayiti te tounen yon gwo chan batay dijital : sou WhatsApp, Facebook, Instagram, nan radyo, nan lari, menm ant moun ki pa t konnen youn lòt. Sèn yo te bèl anpil : ou rankontre yon moun nan lari, li pa menm salye w, li tou mande w : « Ou vote Melchie deja ? » Mobilizasyon an te tèlman fò, li te depase senp sipò espòtif pou vin tounen yon mouvman nasyonal.
Bag « 433 Awards » la vin kouwonnen yon pakou tèt chaje. Pou rive sou twòn nan, meyè jwèz CONCACAF 2025 la te elimine youn apre lòt kat (4) jwèz espanyòl, pami yo twa (3) ki nan Barcelone, san konte de (2) gayan senk (5) dènye Balon dò yo. Nan premye tou a, li te bat María Caldentey 73 % kont 27 %. Nan kadefinal, li pase Aitana Bonmatí 51 % kont 49 %, nan demifinal li elimine Clàudia Pina 54 % kont 46 %, anvan li fè dènye kout la sou Alexia Putellas nan final la.
Viktwa sa se plis pase yon twofe. Li se prèv solidarite yon pèp ki konnen rekonèt valè pitit li. Ayisyen yo, lakay ak nan dyaspora, te pran angajman, te ankouraje youn lòt, te raple chak moun enpòtans chak vòt. Rezilta a klè : Melchie Dumornay sou tèt mond lan, ak Ayiti dèyè li, kanpe fyè.
Nan mitan kriz ak difikilte, Grenadyè a vin pote yon souf lespwa. Avèk talan li ak sipò pèp li, Melchie Dumornay pa sèlman ranpòte yon bag, li ranpòte kè tout Ayiti.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou